Saturday, June 13, 2026
Ann ret konekte ak Peyi w


Ayiti: Leta Reprann Kontwòl Santral Elektrik Varreux a nan Men SOGENER

Gouvènman ayisyen an reprann kontwòl santral elektrik Varreux ke konpayi SOGENER t ap dirije. Desizyon sa a pran nan moman…

By La Redaction , in POLITIQUES , at December 11, 2019 Tags: , , ,

DOWNLOAD TELEVIZYON LAKAY APP ON PLAY STORE & APPLE STORE FOR FREE

Gouvènman ayisyen an reprann kontwòl santral elektrik Varreux ke konpayi SOGENER t ap dirije. Desizyon sa a pran nan moman leta ayisyen trennen konpayi an devan lajistis pou rekipere 123 milyon dola konpayi an fè leta peye an plis de kou nòmal sèvis li vann EDH (surfacturation).
Konsèy administrasyon SOGENER pat prezante devan tribinal jedi 21 novanm nan sou envitasyon komisè gouvènman an Jacques Lafontant pou reponn ak akizasyon yo.
Fen oktòb pase a gouvènman demisyonè a te adopte yon rezolisyon pou sispann pèman kontra enèjii elektrik ki lye leta ayisyen ak Sogener, E-Power S.A ak Haytrac.