Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele Sison sete prensipal oratè nan 8èm Konferans Asosyasyon Nasyonal pou Avansman Pwofesyonèl Ayisyen (abreje ann angle NAAHP).
Madam Sison te pale de tout èd ke Etazini an pasan pa USAID bay Ayiti pou ede nan efò devlopman li. Li fè konnen Etazini ede Ayiti nan pwoblem ensekite alimantè a ki vin pi grav nan sityasyon peyi lock la, e nan edikasyon, sante, sektè touris, konstriksyon pou pouse kwasans ekonomik pou Ayiti ka rive konte sou tèt li pou l viv.
Anbasdè Sison fè konnen USAID ede nan antrene jounalis ekonomik, nan kan teknoloji. Li pale de vizit Anbasadè Kelly Craft pou pale ak otorite yo pou rezoud enpas politik Ayiti a ki dwe pase pa yon dyalog ant tout sektè yo. Anbasadè Michele Sison te pale ak kolaraboratè nou Serge F. Michel depi Miami, Florid.
Blog
-

Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele Sison: "Sekirite ak Stabilite Politik Nesesè pou Kreye Kwasans Ekonomik"
-

Pozisyon Konseye Minisipal Vil Brockton Jean Bradley Derenoncourt sou Kriz Peyi Dayiti a
Jean Bradley Derenoncourt, konseye Minisipal e ansyen kandida pou majistra vil Brockton, MA, ap di sal panse de solisyon nan kriz sosyopolitk Ayiti a.
-

Lajistis Amerikèn Akize Jacques Yves Duroseau pou Kontreban Zam ann Ayiti
Ayiti-Etazini: Otorite federal ameriken yo akize ofisyèlman yon manm Kò Mèrinn nan, ki gen orijin ayisyèn, deske li te eseye fè zam antre pa kontrebann ann Ayiti. Non akize a se Jacques Yves Duroseau. Nouvel ki soti nan ajans nouvel AP (Associated Press) ak chenn televizyon Fox News bay (nouvel jounal The Washington Examiner pibliye), fè konnen dapre deklares prevni an, rezon ki fè li t ale AYiti avek zam sa yo, se poul te eseye mete kontwol sou bandi kap simen latèrè nan peyi a.
Otorite ayisyen yo te poze arestasyon Yves Duroseau nan dat 12 novanm pase a, apre li te pran avyon nan vil New Bern, nan Eta Kawolin di Nò, pou l ale Potoprens avek 8 zam-a-fe, plis munisyon nan malèt li, dapre chef dakizasyon kap peze soudo l e ki rive nan sal dè nouvel jounal The Washington Examiner.
Apre sa, ajan Sevis Envestigasyon Kriminèl fòs naval Lèzetazini te entewoje akize a e yo te jwenn li pat genyen pyès otorizasyon pou l transpòte zam konsa abò yon avyon. Otorite federal yo soumèt yon plent kont Jacques Yves Duroseau nan tribinal Distri Est Eta Kawolin di Nò semèn pase a.
-

Yon Nouvo Asistan Reprezantan Espesyal l' ONU nan Biwo BINUH ann Ayiti
Sekretè jeneral Nasyon Zini Antonio Guterres anonse nominasyon franse Bruno Lemarquis kòm asistan reprezantan espesyal li nan Biwo Integre Nasyon Zini an nan peyi dAyiti (BINUH).
MIsye Lemarquis ap sèvi tou kòm kowòdonatè Rezidan e Imanitè Nasyon Zini ann Ayiti. Nouvo responsab la ap ranplase Gineyen Mamadou Diallo pou kontribisyon nan Misyon Nasyon Zini pou Sipòte Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH). -

Kriz Ayiti a Bezwen yon Enplikasyon Miltilatetal pou l Pa Vin Pi Grav Dapre Anbasasdè Etazini an nan Sen Domeng
Anbasadè ameriken an an Repiblik Dominikèn Robin Bernstein deklare kriz peyi dAyiti ap travèse a pa dwe pwoblèm Etazini, Ayiti ak Repiblik Dominikèn sèlman dapre jounal Listin Diario ki rapòte deklarasyon diplomat la.
Diplomat la di li favorab pou gen enplikasyon multi lateral tankou Inyon Ewopeyen an ak l OEA pou evite sitiyasyon an vinn pi mal. Diplomat la di li gen pou l rankontre anbasadè ameriken an ann Ayiti Michele Sison pou planifye yon konferans nan Miami ant sektè prive ayisyen, dominiken pou jwen yon solisyon nan peyi a ap fè konfwonte.
Konferans Episkopal la pwononse l sou kriz peyi a ap travèse depi anviwon 3 mwa. Evèk yo nan mesaj nan okazyon fèt nwèl la di yo konstate chak pati yo kanpe sou pozisyon yo. Konferans evèk yo mande chak pati yo pou fè konsesyon youn pou lòt nan enterè peyi a. Pou sa ki gen rapò ak pouvwa egzekitif la evèk yo deklare li pa sifi pou gen yon manda, fòk ou merite l.
Pou opozisyon an konferans lai di yo montre yo merite konsiderasyon kòm aktè yon solisyon istorik la lè yon aksepte fè yon seri konsesyon nan enterè peyi a.
-

Ayiti: Mèt Claudy Gassant Nome Direktè ULCC; Rankont Otorite Ayisyen e Dominiken pou Konbat Kontrebann ak Krim
Responsab polis nasyonal la ak lapolis dominikèn rankontre semen pase a nan hotel Villas Codevi nan Dajabon pou diskite fason pou kontwole trafik dròg ak krim transnasyonal k ap fèt sou fwontyè 2 peyi yo pataje.
Komisè polis administrativ Wanament la Moncher Biio te prezide delegasyon ayisyen an. Direktè rejyonal polis Nòdwès Jeneral Boris Goico te prezide delegasyon dominiken an. Nan deklarasyon komisè Biio fè nan laprès li mande kolaborasyon otorite dominiken yo pou ede yo chache e arete ayisyen ki ta komèt krim ann Ayiti e k al pran refij an Repiblik Dominikèn.
Dominiken yo mande ayisyen yo pou ede yo kontwole motosiklèt, bèf ak cheval moun vòlè pou travèse fwontyè a. Kesyon kontreband la te nan kalandriye diskisyon yo ant otorite 2 peyi yo.
Prezidan ayisyen an pibliye yon arete ki nonmen mèt Claudy Gassant kòm direktè Unite de Lutte contre la Corruption (ULCC). Mèt Claudy Gassant se yon ansyen komisè gouvènan an. -

Plizyè Moun Mouri Asasine Pami yo yon Manm Wo Eta Majò Polis la, Michael Lucius
Ministè lajistis ak sekirite piblik denonse e kondane ak tout fòs li asasina Enspektè jeneral Michael Lucius ki se ansyen direktè DCPJ, Direksyon Santral Polis Jidisyè a ann Ayiti. Misye Lucius mouri anba bal enkoni tou pre lakay li nan Vivy Mitchell, yon katye rezidanysèl nan komin Petyon Vil.
Nan nòt la ministè a kondane asasina ki te fèt sou 2 polisye nan vil Akayè nan moman yo tap retire barikad ki te bloke wout nasyonal nimewo 1an ak asasina sou 3 jèn e blese 2 lòt nan zòn Gressiers 30 novanm pase a. Ministè a mande lajistis pou chache koupab yo ansanm ak konplis pou trennen yo devan lajistis.
Yon lòt kote, Direksyon Polis Nasyonal la nonmen komisè prensipal Jacques Adler kòm responsab vil Sen Mak nan plas Komisè Jean Claude Jean ki pase 2 mwa nan pòs la. Nominasyon sa a fèt samdi 30 novanm nan 24è apre fòs de lòd yo pat rive mete men sou ansyen depite Arnel Belizaire nan moman li tap bay yon konferans de près nan vil Sen Mak.
Ansyen depite Delmas/Tabarre la te jwenn arestasyon nan antre vil Jakmèl samdi 30 novanm nan ansanm ak 7 lòt moun abò 3 machin ki te gen zam, minisyon ak lajan. Komisè gouvènman Pòtoprens la mèt Jacques Lafontant te mete yon manda darè dè ansyen depite a anba akizasyon menas kont site enteryè leta ak kont enterè Anbasad Amerikèn. -

Premye Minis Irakyen an, Adel Abdul-Mahdi, Anonse L Ap Bay Demisyon Li
Misye Abdul-Mahdi deklare: “Mwen pral soumèt devan palman an yon memorandum ofisyèl k ap genyen ladan l lèt demisyon premye minis aktyèl la.” Li pa presize yon dat pou l remèt demisyon l nan.
-

Ayiti: Dosye SOGENER/Reyaksyon Sektè Patwonal la, Govènman an Di, "Pèsonn Pa Odesi De Lalwa"
L’Association des industries d’Haïti (ADIH), la Chambre de commerce et d’industrie Haïti et la Chambre de commerce et d’industrie de l’Ouest (CCIH/CCIO) ainsi que la Chambre franco-haïtienne de commerce et d’industrie (CFHCI) pibliye yon nòt pou laprès pou eksprime enkyetid yo desizyon leta pran pou l remete an kesyon kontra ki lye EDH ak konpayi k ap vann leta enèji elektrik.
Nòt la site kòm ekzanp kontra leta te siyen ak konpayi SOGENER la ki te klè sou fason pou rezoud konfli ki ta genyen ant 2 pati yo. 3 òganizasyon patwonal yo deklare nan nòt la ke leta pa kapab itilize lajistis pou rezon politik e ke jodi a diktati pa alamòd ankò. Gouvènman an bò kote pa l reyaji pou di konpòtman kèk manm nan sektè prive a sou dosye SOGENER la se pou entimide lajistis pou anpeche l fè travay li. Nan yon nòt Minis Kominikasyon an pibliye sou kont Facebook li, gouvènman di li regrèt ke sektè puisan sosyete a ki fòme klas oligachi e ki kenbe ekonomi peyi an notaj, kontinye ap kòpòte kòm moun ki odesi de lalwa.
Bò kote pal, avoka k ap defann konpayi SOGENER la egzèse yon aksyon an hebeas corpus pou l kapab anile envitasyon pakè a fè kont responsab yo ke li konsidere ki menase libète endividyèl. Pakè a lanse yon manda pou arete tout moun ki enplike nan dosye Sogener la apre yo te boude 2 envitasyon pou vinn defann akizasyon k ap peze sou yo tankou faux et usage de faux en écriture privée, surfacturation, enrichissement illicite, abus de confiance et association au préjudice de l’État.” -

Ayiti: Pakè Pòtoprens Lanse yon Mande Damne Kont Plizyè Reponsanb SOGENER
Komisè gouvènman ai Pòtoprens la Jacques Lafontant mande Direksyon Central Police Judiciaire pou chache, arete e mennen ba li sitwayen sa yo, Jean Marie Vorbe, Dimitri Vorbe, Reginald Vorbes Fils, Debrosse Preval Agnes Elizabeth, manm konsèy Administrasyon konpayi SOGENER, ansyen direktè EDH Serge Raphael, ansyen minis Travo Piblik Frantz Verella.
Manda sa yo lanse apre konsène yo pat repon pou yon 2èm fwa envitasyon komisè a pou vinn reponn akizasyon fo, izaj de fo an ekriti, anrichisman ilisit, faktirasyon elve, abi konfyans pou n site sa yo sèlman.
Avoka k ap defann konpayi an, konsidere aksyon tribinal la kòm pèsekisyon ki pa gen anyen pou wè ak lalwa. Kèk nan akize yo mande yon delè pou fen semen pwochen nan.