Komite pou Pwoteksyon Jounalis (KPJ), ki baze New York, di ogmantasyon vyolans sou jounalis ann Ayiti pandan y ap egzèse pwofesyon yo se yon sous gwo preokipasyon….
Blog
-

Lafrans Anonse yon Ankèt pou Fè Limyè sou 2 Sitwayen li Ki Mouri Asasine ann Ayiti
Pakè vil Pari a anonse ouvèti yon ankèt apre yon koup franse mouri anba bal enkoni dimanch 24 novanm nan nan kapital ayisyenn nan, Pòtoprens menm jou yo te rive nan peyi a pou adopte yon timoun.
Ankèt la louvri pou omisid envolontè. Pakè a deklare bay ajans nouvèl Frans Press li konpetan pou l menen ankèt preliminè a depi se yon sitwayen franse ki viktim ak yon aksyon kriminèl yon peyi etranje.
Minis afè etranjè gouvènman demisyonè a Bocchi Edmond voye kondoleyans li bay fanmi viktim nan pandan li fè konnen gouvènman an ap pran tout dispozisyon pou fè limyè sou krim sa a.
Yon lòt kote prezidan ayisyen an Jovenel Moise asiste madi 26 novanm 2019 la nan yon rankont espesyal Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la pou defini estrateji tou nèf pou tabli lòd ak sekirite nan peyi a dapre yon nòt Sekretè deta kominikasyon an pibliye.
Lidè ayisyen mande responsab CSPN yo pou pran tout dispozisyon nesesè pou amelyore klima sekirite a nan peyi a yon fason pou pwoteje vi ak byen sitwayen k ap viv nan tout peyi a.
-

Opinyon Kek Fidel Katolik Ki Tap Selebre Fèt Immaculée Conception nan Pòtoprens
on pakèt fidèl lelgliz katolik selebre fèt Marie Immaculée Conception nan Pôtoprens dimanche 8 desanm 2019-la . Nap invite w suiv yon ekstrè nan dewoulman selebrasyon an soti nan lari a rive anndan stad Sylvio Cator.
-

Ayiti-Jistis: Ansyen Depite Arnel Belizaire Tansfere nan Penitansye Nasyonal
Komisèè gouvènman Pòtoprens la transfere ansyen depite Arnel Belizaire nan penitansye nasyonal apre li te fin tande li sou dosye zam lapolis ta sesi nan machin nan moman yo tap arete li. Ansyen depite Delmas Tabarre la nye akizasyon li ta anposesyon plizyè zam iligal.
-

Gen yon Plan Sekirite ann Aplikasyon nan Peyi a Dapre Sekretè Deta Sekirite Piblik Leon Ronsard St-Cyr
Sekretè Deta Sekirite Piblik nan peyi Dayiti Leon Ronsard St-Cyr prezante divès mezi gouvènman an pran pou rive tabli ye ekzekite yon plan sekitè sou tout tèritwa a……
-

Ayiti-Jistis: 2 Moun, yo te Arete Ansanm ak Arnel Belizaire, Jwenn Liberasyon yo
2 moun Pami 7 lòt moun lapolis te arete ak ansyen Depite Arnel Belizaire jwenn liberasyon yo. Komisè Gouvènman lan Mèt Jeanty Souvenir ap bay detay
-

Pawòl Evèk Ayisyen an Monseyè Pierre André Dumas nan Okazyon Mès Solanèl Imakile Konsepsyon
Pawòl Evèk Ayisyen an Monseyè Pierre André Dumas nan kad selebrasyon Mès Solanèl Imakile Konsepsyon.
-

Plizyè Aktè nan Sistèm Edikatif la nan Latibonit la Mande Otorite yo Pran Pispozisyon pou Lekòl Relouvri
Plizyè aktè nan sistèm edikatif la nan Depatman Latibonit la tankou direktè Depatmantal edikasyon an, kèk direktè, ak profesè lanse apèl bay otorite la polis, la jistis ak la meri nan depatman an pou pran dispozisyon kap pèmèt repriz aktivite eskolè yo. Detay ak Exalus Mergenat.
-

Etazini: Chanm Depite Ameriken an Ap Avanse ak Dosye Impeachment Kont Prezidan Trump
Ozetazini, Komisyon Afè Jiridik Chanm Depite ap òganise, nan jounen lendi 9 desanm 2019 la, yon lòt seyans depozisyon sou ankèt k ap fèt pou konnen si Prezidan Donald Trump vyole konstitisyon an e si li merite kite pouvwa a pou sa. Detay ak Lyonel Desmarattes.
-

Plizyè Milye Fidèl Legliz Katolik Selebre Fèt Marie Immaculée Conception nan Pòtoprens
Yon pakèt fidèl lelgliz Katolik selebre fèt Marie Immaculée Conception nan Pôtoprens dimanche 8 desanm 2019 la . Nap invite w suiv yon ekstrè nan dewoulman selebrasyon an soti nan lari a rive anndan stad Sylvio Cator.
