Nan yon mesaj Anbasad Etazini ann Ayiti mete sou kont Twitter li fè konen:
” Sou-sekretè d Eta pou afè Politik, David Hale, te chita pale, vandredi [6 desanm 2019 la] nan Pòtoprens Ayiti, ak Prezdain Jovenel Moise ak minis Afè Etranjè a, Bocchit Edmond, ansanm ak kèk lòt lidè politik, Yo pale sou kriz politik la ak sou nesesite, prese prese, pou yo tanmen yon dyalòg san paspouki antre yo.
Mete sou sa, yo pale sou sitiyasyon ekonomik peyi a ki pa bon menm. Yo te fè ti pale tou sou wòl Etazini jwe nan kesyon èd pou devlopman ak asistans imanitè.
Sou-sekretè d’ Eta Hale te pwofite remèsye gouvènman ayisyen an pou lidèchip li te montre nan fè demokrasi tounen nan peyi Venezuela. Peyi Etazini envite tout lidè ayisyen pou chita ansan, san poze kondisyon alavans, pou yo fè enpas politik la sispann e pou yo fòme yon gouvènman ki pral fè soufrans pèp ayisyen an sispann.”
Anpil reyaksyon ap tonbe apre vizit Mesye Hale la ann Ayiti. Opozisyon poko manifeste volote pou negosye ak gouvènman. Thandiske, gouvènman an bò kote pal afavè yon solisyon enklisiv nan kriz la.
Blog
-

Lèzetazini Kontinye Ankouraje Dyalòg ant Aktè Ayisyen yo pou Rezoud Kriz Politik la
-

Reyaksyon Ldè PHTK a Sainfort Liné Baltazar Apre Rankont li ak Sou Sekretè Deta Davig Hale
Lidè PHTK a, agwonòm Sainfort Liné Baltazar pale sou patisipasyon l nan rankont kite dewoule vandredi 6 desanm 2019 la, ant Sou Dekretè deta ameriken David Hale ak plizyè lòt lidè politik sou kriz ayisyèn nan.
-

Politik USA/Demokrat yo Ap Avanse Ak Pwosesis ki ka Debouche sou Jijman Prezidan Trump
Lidè demokrat la nan Kongrè a pral anonse, madi 10 desanm 2019 la, diferan “chèf d’akizasyon” yo retni kont Prezidan Donald Trump.
-

FBI Konsidere Atak nan Baz Naval Florid la Kòm yo Zak Teworis
Biwo FBI konfirme ke nèg ki te ouvè kout zam nan baz naval vil Pensacola, eta Florid la, se ofisye fòs ayeryen sawoudyen 21 nan, Mohammed Alshamrani, ki te yon etidyan nan lekòl kòmandman avyasyon naval baz la. Serge Rodriguez ap pote presizyon depi sal dè nouvèl la.
-

Manitestasyon Kontinye ann Ayiti Pandan 2 Gwo Ofisyèl Ameriken ap Vizite Peyi a
Youn nan lidè opozisyon an, Senatè Nenel Cassy, ki pale avèk Lavwadlamerik jedi 5 desanm nan, deklare: “Toutotan Jovenel sou pouvwa a, nou pral kontinye manifeste…”
-

Etazini: Chanm Depite Ameriken an Ap Avanse pou Pi Devan ak Dosye Impeachment Prezidan Peyi a
Etazini: Chan Depite Ameriken Ap Avanse pou Pi Devan ak Dosye Impeachment Prezidan Peyi a. Plis detay ak Jean Robert Philippe.
-

Kisa Ki Make Somè LOTAN an Ki Dewoule nan Grand Bretay Ane sa a?
Somè LOTAN nan vil Lond peyi Lagrand Bretay pran fen apre diferan rankont ant tout peyi manm yo. Plis detay ak Lyonel Desmarattes sou somè sa a.
-

Sou-Sekretè Deta Ameriken pou Afè Politik, David Hale, Ap Vizite Bahamas ak Ayiti
Dapre yon nòt ki soti nan Depatman Deta ameriken an, Sou-Sekretè Deta pou Afè Politik, David Hale, genyen pou l vwayaje nan Peyi Bahamas nan dat 5 desanm 2019 la (donk jodi jedi a), anvan li ale nan Peyi d Ayiti demen vandredi 6 desanm nan. Pandan Misye Hale ap nan Nassau, kapital Bahamas, li pral rankontre ak Premye Minis Hubert Minnis, Minis Sekirite Nasyonal la, Marvin Dames, otorite responsab Sèvis Repons ak ka Dezas, epi patnè kap travay nan pwojè USAID nan Bahamas. Pami tèm diskisyon yo, genyen efò kap fèt pou popilasyon an leve anba konsekans pasaj Siklòn Dorian avek angajman Lèzetazini pran vizavi kowoperasyon bilateral aktyèl li avek Bahamas.
Pou sa ki konsène Peyi d Ayiti, Sou-Sekretè Deta Hale pral rankontre avek Prezidan Jovenel Moïse, minis afè etranjè a, Bocchit Edmond, e avèk lòt lidè politik. Nan diskisyon yo, yo gen pou abòde defi ijan Ayiti ap konfwonte yo ak nesesite yon dyalòg nasyonal enklizif, yon gouvènman efikas ki kapab retabli lòd, mentni eta-de-dwa, pèmèt ekonomi an devlope epi sèvi pèp ayisyen an.
Sete yon nòt ki sòti nan Depatman Deta Ameriken an. -

Doktè an Filozofi Hermanie Pierre Se yon Enspirasyon pou Jenès Ayisyen an
Jèn enjenyè sivil e Doktè an Filozofi Hermanie Pierre kap viv nan vil Little Rock, eta Arkansas, ap montre lemond jounen jodi a pa genyen anyen ki enposib vrèman si nou santre atansyon nou sou objektif nou vize-a, sitou lè se san ayisyen kap koule nan vèn nou.
-

Entèvyou ak JP Michel, Chairman NAAHP, yon Òganizasyon Pwofesyonèl Ayisyen-Ameriken
NAAHP se yon òganizasyon ki konekte anpil pwofesyonèl ayisyen. Li òganize yon konferans chak ane pou fasilite boukantay lide ant manm pwofesyonèl ak antreprenè-li ki soti nan Diaspora ak ann Ayiti. Ane sa a, tèm nan sete Haiti Forward, Ayiti ann avan. Chairman JP Michel reponn kesyon Serge F Michel.