Blog

  • Van Ensekirite a ann Ayiti Frape 2 Sitwayen Fransè Ki te Vin Adopte yon Timon

    Van Ensekirite a ann Ayiti Frape 2 Sitwayen Fransè Ki te Vin Adopte yon Timon

    2 sitayen fransè ki te ki te antre ann Ayiti pou lapremyè fwa pèdi lavi yo nan Pòtoprens nan moman yo tap antre nan otèl yo ki sou wout Delmas dapre yon sous AFP e ke jounal anliy Yahoo nan langa  angrè rapòte. 
    Dapre menm sous la, koup fransè a ta pèdi lavi yo nan yon dappiyanp bandi ame nan Pòtoprens ta fè sou yo. Selon enfòmasyon yo, Mesye a ki gen 44 tran ak madam li 41, te antre ann Ayiti pou lapremyè fwa apre yo te fin jwenn otorizasyon pou vin adopte yon timoun.
    Nan yon nòt Anbasad de Frans la nan Pòtoprens mete sou Twitter, li fè konnen yo deplore zak asasinay la ki rive sou 2 resòtisan fransè yo. Anbasad la regrèt zak la ki rive a e li voye senpati l bay fanmi viktim yo. 
    Dapre atik Yahoo a, Minis afè etranjeè Lafrans la mande sitwayen fransè yo pou pa vwayaje ann Ayiti jiska nouvèl òd.
    Ayiti ap fè fas ak yon kriz sosyo politik kote opozisyon an nan lari ap mande depa Prezidan peyi Jovenel Moise yo estime ki pa fè anyen pou amelyore kondisyon vi yo sityasyon sa vin ogmante vyolans ak difikilte pou moun sikile lib e libè. 
    Nan plizyè katye gen barikad e enfòmasyon yo ta fè kwè gen nèg ame dèyè barikad yo kap ransonse sitwayen ki pral regle aktivite yo. 
    Gang ame asasine plizyè polisye ann Ayiti, san konte masak kap fè nan katye popilè yo. Kesyon anpil moun apoze se: “Si se povrete ki lakoz fenomèn ensekire ame a, ki kote band ame yo jwenn zam degè ak ak minisyon?
    Opozisyon politik la ak plizyè òganizasyon kap defann dwa moun lonje dwè yo sou pouvwa egzektif la ki ta nan konivans ak bandi yo. Sepandan nan yon entèvyou al Lavwadlamerik, Prezdian Jovenel Moise ak minis afè etranjè li a Bocchit Edmond voye jete byen lwen akizasyon sa yo.
     

  • DCPJ Ap Kesyone 2 Sitwayen Meksiken Ki Te Rive nan Vil Okay Abò yon Ti Avyon Sispèk

    DCPJ Ap Kesyone 2 Sitwayen Meksiken Ki Te Rive nan Vil Okay Abò yon Ti Avyon Sispèk

    Direksyon Santral Polis Jidisyè ayisyen an ap kesyone 2 sitwayen Meksiken ki te abò yon ti avyon ki fè yon aterisaj fòse nan Sen JeanduSud weekend pase a.
    Dapre premye eleman ankèt la Vargas Flores Andres ak Avila Juan Jose te soti Beliz pou al chache 900 kilogran kokayin OVenezuela pou pote l nan Gwatemala pou 300 mil dola. Sispèk yo te resevwa yon avans 20 mil dola ke yo te ofri popilasyon an ki piye aparèy la.
    Yon ayisyen te akonpaye sispèk yo nan vil Okay kote komisè ai Renald Richmond arete yo nan yon mezon kote yo te kache. Otorite yo arete chofè a ki t ap pare pou l menen sispèk yo nan lòt destinasyon.

  • Ayiti: Leta Reprann Kontwòl Santral Elektrik Varreux a nan Men SOGENER

    Ayiti: Leta Reprann Kontwòl Santral Elektrik Varreux a nan Men SOGENER

    Gouvènman ayisyen an reprann kontwòl santral elektrik Varreux ke konpayi SOGENER t ap dirije. Desizyon sa a pran nan moman leta ayisyen trennen konpayi an devan lajistis pou rekipere 123 milyon dola konpayi an fè leta peye an plis de kou nòmal sèvis li vann EDH (surfacturation).
    Konsèy administrasyon SOGENER pat prezante devan tribinal jedi 21 novanm nan sou envitasyon komisè gouvènman an Jacques Lafontant pou reponn ak akizasyon yo.
    Fen oktòb pase a gouvènman demisyonè a te adopte yon rezolisyon pou sispann pèman kontra enèjii elektrik ki lye leta ayisyen ak Sogener, E-Power S.A ak Haytrac.

  • Opinyon Plizyè Lòt Moun Ki Te nan Sal Odyans la sou Depozisyon Kriz Ayiti a nan Kongrè a

    Opinyon Plizyè Lòt Moun Ki Te nan Sal Odyans la sou Depozisyon Kriz Ayiti a nan Kongrè a

    Plzyè lòt patisipan nan seyans odyans sou kriz Ayiti nan devan Komisyon Afèè Etranjè Chanm depite ameriken yo nan Washington pataje opinyon nan mikwo Jacquelin Belizaire.

  • Apre Depozisyon sou Kriz Ayiti nan Kongrè a VOA Te Pale ak Plizyè Moun Ki Te Prezan

    Apre Depozisyon sou Kriz Ayiti nan Kongrè a VOA Te Pale ak Plizyè Moun Ki Te Prezan

    Yon manm gouvènman ki te nan odyans la reyaji apre depozizyon yon delegasyon militan dwa zimen ak anti-koripsyon fè devan Chanm depite ameriken an sou kriz Ayiti.

  • Ayiti: Sinyatè Akò Kinam yo Mande Sinyatè Akò Marriot yo Pran Wout Dyalòg

    Ayiti: Sinyatè Akò Kinam yo Mande Sinyatè Akò Marriot yo Pran Wout Dyalòg

    Plizyè kowalisyon politik siyatè akò Kinam nan pwofite dàt 10 desanm 2019 la pou mande tout lidè politik siyatè akò Marriol la pran wout dyalòg ak Prezidan Jovenel Moise pou rezoud kriz politik la. Renan Toussaint ap prezante nou yon repòtaj

  • Ayiti: Egzekitif la Voye 4 Motè pou EDH Vil Okay; Opozisyon an Di Sa Poko Anyen

    Ayiti: Egzekitif la Voye 4 Motè pou EDH Vil Okay; Opozisyon an Di Sa Poko Anyen

    Prezidan Jovenel Moise remet 4 moté bay responsab EDH yo pou enstale nan santral EDH Okay la.
    Se delege depatmantal Sid la, Serge Chery ki te resevwa 4 moté yo byen boné maten madi 10 desann 2019 la. Repotaj Jean Hernst Eliscar depi Okay.

  • Komisyon Afè Etranjè Chanm Depite Ameriken an Tande yon Depozisyon sou Kriz Ayiti a

    Komisyon Afè Etranjè Chanm Depite Ameriken an Tande yon Depozisyon sou Kriz Ayiti a

    Yon delegasyon ki konpoze ak reprezantan dwa zimen ak miltan anti koripsyon ki soti ann Ayiti fè yon depozisyon devan komisyon afè etranjè nan chanm depite ameriken an nan Washington DC madi 10 desanm 2019 la. Plis detay ak Jacquelin Belizaire.

  • Jijman Prezidan Trump la Baze sou 2 Akizasyon: Abidpouvwa, Blokaj Travay Kongrè a

    Jijman Prezidan Trump la Baze sou 2 Akizasyon: Abidpouvwa, Blokaj Travay Kongrè a

    Kimberly Whele, pwofesè syans politik nan Inivèsite Baltimore, deklare “desizyon Demokrat yo se yon jwèt entèlijan ki fè li difisil pou Repibliken yo iyore karaktè istorik sa k ap pase nan Kongrè a.”

  • Ministè Kondisyon Fanm Pote Swen Sante Bay Prizonye Fanm yo nan Kabarè

    Ministè Kondisyon Fanm Pote Swen Sante Bay Prizonye Fanm yo nan Kabarè

    Minis kondisyon fanm ak dwa fanm fè dezièm vizit li nan prison sivil pou fanm nan komin Kabarè nan komansman semèn nan. Evelyne Saint Vil te gen ansanm avèk li plis pass yon dizèn medsen sosyete obstétrique ak jinekoloji nan lide pou evalue eta sante medam prizonyè yo.

Televizyon Lakay
Televizyon Lakay
Jwe Jwèt Gratis!
Quiz, Solitaire ak Mo Kaché
Jwèt Ayiti & Karayib — 100% gratis!
Jwe Kounya — 100% Gratis →
English · Français · Kreyòl