Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele Sison: "Sekirite ak Stabilite Politik Nesesè pou Kreye Kwasans Ekonomik"

Anbasadè Etazini ann Ayiti Michele Sison sete prensipal oratè nan 8èm Konferans Asosyasyon Nasyonal pou Avansman Pwofesyonèl Ayisyen (abreje ann angle NAAHP). 
Madam Sison te pale de tout èd ke Etazini an pasan pa USAID bay Ayiti pou ede nan efò devlopman li. Li fè konnen Etazini ede Ayiti nan pwoblem ensekite alimantè a ki vin pi grav nan sityasyon peyi lock la, e nan edikasyon, sante, sektè touris, konstriksyon pou pouse kwasans ekonomik pou Ayiti ka rive konte sou tèt li pou l viv.
Anbasdè Sison fè konnen USAID ede nan antrene jounalis ekonomik, nan kan teknoloji. Li pale de vizit Anbasadè Kelly Craft pou pale ak otorite yo pou rezoud enpas politik Ayiti a ki dwe pase pa yon dyalog ant tout sektè yo. Anbasadè Michele Sison te pale ak kolaraboratè nou Serge F. Michel depi  Miami, Florid.