Yon Vòt Posib Vandredi 13 Desanm nan sou Lis Akizasyon Ki Jistifye yon Jijman Kont Prezidan Trump

Komisyon Afè Jidisyè a nan Chanm Depite ameriken an pral vote, 13 desanm la, pou apwouve yon “lis akizasyon ofisyèl” kont Prezidan Donald Trump. Sa pral fèt nan moman Demokrat yo, ki gen majorite a nan Chanm Bas la, ap prese vit pou yo pini yon prezidan ki, daprè yo, komèt abidpouvwa.