Chanm Depite a nan Kongrè a, Apre yon Vòt, Remèt Sena a Atik sou Akizasyon Prezidan Trump la

Chanm Depite ameriken an vote mèkredi 15 janvye pou voye nan Sena a 2 chèf akizasyon ki enkilpe Prezidan Donald Trump pou abi pouvwa a ak kouche an kwa kont travay Kongrè a. Jean Robert Philippe di nou demach sa a louvri pòt la pou pwosè kont Prezidan Trump la ta kòmanse semen pwochèn nan.