Asistan Administratè USAID pou Amerik Latin ak Karayib la, John Barsa, Egzòte Lidè Ayisyen yo pou Antann yo

“Toutotan pa gen yo antant politik e toutotan kondisyon sekirite a pa amelyore, pèp ayisyen an pap ka jwenn tout avantaj pou li ta jwenn nan pwogram @USAID yo. Kle avni Ayiti nan men aktè politik yo. Yo dwe aji kounye a.”
Se te yon tweet John Barsa asistan administratè USAID pou Amerik Latin ak Karayib la fè apre li sot vizite Ayiti kote li te rankontre prezidanJovenel Moise.
Pandan vwayaj sa a, responsab la te vizite Sen Michel de l’Atalay kote USAID Pwogram Alimantè Mondyal ak Caritas ap distribye manje bay moun ki nan bezwen yo.