Nan yon etèvyou ak Lavwadlamerik nan mikwo Ronald Cesar, Dr. Georges Michel, ekspè an dwa konstitisyonèl, ap eksplike ki leson politik lidè yo ann Ayiti ta dwe tire de fen 50èm lejislati a ki rive 2è lendi janvye 2020 an san eleksyon pa rive fèt nan peyi a.
Category Archives: LOCALES
Ayiti-Sekirite: Lapolis nan Sid Mete Plizyè Bandi Anba Kòd
Lapolis nan Okay demantle you gang ki tap fonksyone nan Savann Okay, youn nan pi gwo katye popilè nan vil la. Bilan an, 14 sispèk jwenn arestasyon yo. Plis detay ak Jean Hernst Eliscar depi Okay.
Ayiti: Senatè Pierre François Sildor Se Nouvo Prezidan Biwo Sena a
Biwo Sena ayisyen gen yon nouvo prezidan. Ti gwoup senatè ki rete yo apre fen manda 50èm lejislati a fòme yon biwo kote yo nome Senatè Pierre François Sildor kòm prezidan.
Yon Lekòl pou Prepare Pwofesyonèl pou Ede Viktim Tranblemanntè 2010 la ann Ayiti
Se avèk anpil satisfaksyon responsab yo anonse premye seremoni remiz diplòm lekòl la pral dewoule nan jounen dimanch 19 janvye 2020 an.
Ayiti: Yon Gwo Dife nan Mache Dipò Ipolit Lage Anpil Machann 2 Bra Balan
Kèk machann Mache Dupò Ipolitit pèdi tout machandiz yo aprè yon gwo dife te eklate nan espas la aprè midi lendi 13 janvye 2020 an. Viktim yo ki pale nan mikwo VOA di yo pa an mezi pou defini kantite pèt yo. Koute dekalrasyon kèk nan yo nan mikwo korespondan Lavwadlamerik Matiado Vilmé.
Ayiti: Ministè Sante Piblik Prezante Done Jeneral sou Eta Sante popilasyon an
Ministè sante piblik ann Ayiti prezante done jeneral sou eta sante popilasyon. Detay ak Yves Manuel.
Prezidan Jovenel Moise Fè Rapèl sou Travay 50è Lejislati a Ki Pran Fen 2èm Lendi Janvye 2020 an
Prezidan Jovenel Moise Fè Rapèl sou Travay 50è Lejislati a Ki Pran Fen 2èm Lendi Janvye 2020 an. Prezidan Moise pale de eleksyon ki pa rive fèt akoz bidjè ki pa rive vote nan palman an kote Sena a pat rive ratifye politik jeneral youn nan 2 premye minis nome li yo.
Senatè Joseph Lambert Di Palman an Pa "Caduc" ou Perime
Senatè Joseph Lambert di Palman an pa “Caduc” e ke mo sa a revòlte l. Senatè Lambert di pèson moun pa gen dwa pou retire pouvwa yon senatè.
Senatè Jean Marie Junior Salomon Di Se li Ki Prezidan Nouvo Biwo Sena a
Senatè Jean Marie Junior Salomon di se li ki Prezidan nouvo biwo Sena a.
2 Tyè Sena a ki Estime Mada yo Toujou Valid Ap Reyini pou Fòme yon Nouvo Biwo
24è apre Prezidan Jovenel Moise di li konstate fen manda 50èm lejislati a ak 2 tyè sena a,deba ap kontinye sou dire manda manm gran kò a. 2èm group senatè konsène yo di yo gen yon manda 6zan. Konsa gwoup senatè sa yo mete ak 3èm gwoup la anonse y ap reyini madi 14 janvye a …
Continue reading “2 Tyè Sena a ki Estime Mada yo Toujou Valid Ap Reyini pou Fòme yon Nouvo Biwo”